Joe Biden òdone deplwàtonnaj yon kontenjan fòs ame espesyàlize pou libere 17 otaj ameriken yo

2,275

11/10/2021

Wachennton______(TRiboLAND) Pwezidan ameriken an Joe Biden pase lòd pou deplwàtonnen nan peyi Dayiti yon kontenjan fòs ame espesyàlize ki chaje ak ekspè tout kalite nan kàd anlèvman nan objektif pou pwosede ak liberasyon 16 misyonè ameriken ak yon kanadyen ke gwoup gang sangwen “400 Mawozo” te kidnape nan Gantye, Kwa Dèboukè.

Nan yon konferans pou Lapwès, Konseye Sekirite Nasyonal peyi Etazini an Jack Sullivan konfime enfòmasyon ki fè kwè yon bon valè espesyàlis ou ekspè tout kalite jwen otorizasyon pwezidan ameriken an pou debake e travay an kòdinasyon avèk otorite ayisyèn yo yon fason pou rekipere otaj yo sen e sof.

“Nou rete kwè ke se yon sitiyasyon ki ase delikat, sepandan nou deja mize tout resous nou anplas e nou rete kwè ke nap fini pa finalman reyisi. Nou dwe avanse pyon yo avèk anpil ladrès yon fason pou ka finalman arive touche objektif nou ki se retounen tout otaj yo lakay yo espesyàlman ti moun yo ke pwezidan Joe Biden genyen sou kè li”, dapwè Konseye Sekirite Nasyonal Etazini an.

Nap raple, gwoup gang sangwen “400 Mawozo”sa ki genyen nan tèt li “Lanmò san Jou” ki se yon kriminèl notwà, te egzije 17 milyon dola kòm ranson, swà yon milyon dola pou chak tèt otaj.

kredi foto: The National Interest

Comments are closed.