Alatèt jeneral BMPAD la konfime antre yon kagezon gaz nan peyi a

312
0
Share:
TRiboLAND

08/26/2021

Pòtopwens____(TRiboLAND) Alatèt jeneral Bureau de Monétization des Programmes d’Aide au Développement (BMPAD) la, M. Fils-Aimé Ignace St Fleur konfime mèkredi apwè midi 25 out 2021 an, antre yon nouvo kagezon gaz yè madi a..

Selon esplikasyon direktè a, bato MT ARIS deja nan Tòland, Kafou kote li genyen abò li 200.000 barik gazolin ak 45, 000 barik kewojèn.

Alatèt la ekspwime ke “yon parèy chajman pwàl fasilite ou kalme tansyon mache a. Konsa, li pa nesesè pou moun ap antipilye pwodwi a paske genyen yon bon valè sou tèritwà nasyonal la”, dapwè M. Fils-Aimé Ignace St-Fleur ki tap depoze.

Share:

Leave a reply