Karine Jean-Pierre okipe youn nan pi gwo pozisyon pwestijyez nan Maison Blanche

692

05/27/2021

Se pa nou nouvo pou yon nwa arive franchi yon parèy pozisyon pwestijyez nan Maison Blanche. Se te fè sou pwezidans George Bush Senyò nan lane 1991 avèk Judy Smith. Sepandan, sa ki fè yon parèy pozisyon sinifikativ, se paske fwa sa se pwemye fwa yon omoseksyèl kap anime yon pwen pwès televize pou Maison Blanche.

Karine Pierre, kit e yon analis politik trè fouge sou gwo chèn televizyon amerikèn, MSNBC, pran yon seri etap ekstraòdinè. Li te trè aktif sou Administrasyon Obama a, e direktris kanpay Kamala Harris nan lane 2021. Karine plase kòm numewo 2 pou chanèl kominikasyon ki san pou san fanm nan Maison Blanche.

Nan yon tweet ke li fè sòti, Jen Psaki, ki se pòtpawòl Maison Blanche lan e ki te fasilite Karine yon parèy pozisyon kòm adjwen li tanporèman, deklare: “Jodia se yon gwo jou nan Maison Blanche”. “Se yon onè pou mwen la jodi a; mwen reyèlman apwesye yon parèy moman ki genyen yon dimansyon istorik”, dapwè Karine Jean-Pierre ki tap depoze.

Karine Jean-Pierre fèt nan peyi Matinik nan lane 1977. Li soti nan zantray 2 imigran ayisyen. Li te pase pandan anfans li yon bout tan nan peyi Lafwans; li grandi New York e fè etid li nan inivèsite Columbia nan peyi Etazini.

Comments are closed.