Joe Biden gen pou obligasyon pratike yon politik “Black Lives Matter” an Ayiti

434

Ayiti se egalman yon “George Floyd” ki pa kapab respire anba jenou fewòs kolonyalis depi nesans li. Premye repiblik nwa lib sa, se peyi ki pi viktim de tout kalite vyolans kolonyal ki pa janm egziste. Komanse sou sòm lajan Lafwans egzije l peye pou endepandans li e rive sou kolora ak tout lòt fòm enjerans ak konplisite entènasyonal pou redwi nasyon sa nan eta povwete ekstrèm ke li ye jounen jodi a.

Move tretman Ayiti ap subi depi konbyen santènn lane, pa diferan de sa ki rive tout lòt George Floyd nan ras nwa a! Sa rele bwitalite kolonyalis, politik etranjè rasis ak mete pye sou kou lakoz Ayiti pa ka RESPIRE!

Erezman, evolusyon monn lan ede anpil sitwayen tèryen reyalize ke yo pa kapab ap tolere krim, diskriminasyon ak move tretman moun nwa nan figi yo ankò! Konsa, “Lavi tout ras konte” (Black Lives Matter)! Jodi a, pèsònn pa kapab sou estime yon volonte ou detèminasyon global pou nwa trete menm jan ak tout lòt ras; e rasism enstitisyonalize rive nan bout li. Sa vle di, li pa kapab travay ankò! Tout planèt la, vle respire yon lòt lè!

Erezman, se apati reviman istorik sa, lemonn pral fini pa reyalize nan ki pwen yon pakèt peyi ansyen kolonyalis anpeche Ayiti pran yon souf menm pou yon jou nan egzistans li. Ayiti ap rele ke li pa ka RESPIRE depi nan nesans li; okontrè genyen yon pakèt peyi Derek Chauvin ki pwefere minimize doulè Ayiti e menm arive di ke se malediksyon san kochon ki sou nasyon an.

Sa pa gen lontan, yon Wa peyi Beljik prezante eskiz li bay peyi Kongo pou tout vye pase kolonyal li ki kontribye nan mizè ak imilyasyon nasyon sa atravè esklavaj. Se reyèlman yon aksyon ki genyen anpil onè ak sajès ladan l! Konsa, pandan anpil peyi kolonyalis ap fè “mea koulpa” pou kantite krim ak fòtenn yo te fè nan non eksplwatasyon ras nwa a; pou kantite nwa ke yo pann sou pye bwa ak ekstèmine avèk yon hènn fawouch, van chanjman radikal sa kap trennen dèyè l jistis ak reparasyon dwe entèpele e menm enfluyanse politik etranjè yon evantyèl gouvènman demokrat nan peyi Etazini.

Pli ke jamè, Ayiti antan ke viktim kwonik de tout yon seri tretman odye, dwe pozisyone l an fonksyon van pwotestasyon yo atravè lemonn yon fason pou li reklame JISTIS! Se avèk anpil dezespwa Ayiti kontinye ap disparèt anba je Repibliken/Demokrat, kominote entènasyonal la menm arive prezante tèt li kòm zanmi peyi Dayiti ki toujou nan yon eta kote lavi pa egziste. Yo montre ke yo ede Ayiti ak gwo magogo lajan, poutan menm kòb sa yo retounen lakay menm swa dizan peyi donatè sa yo atravè pwòp teknisyen yo, diplomat raketè kap fè lajan, lòbiyis ak ong.

Mèyè fason yon evantyèl gouvènman Joe Biden kapab ede Ayiti RESPIRE, se ede l jwenn JISTIS atravè tout yon seri dispozitif ki pou sible: krim finansyè, pouswiv ou friz lajan tout dirijan ou otorite ayisyen ki kontribye nan redwi peyi a nan nivo sa, ede Ayiti pwomote reparasyon esklavajis, kontwòl sou zam kap soti anndan Etazini e kap antre Ayiti, avèk promosyon souverènnte li kòm “nasyon granmou” ki pa dwe sèvi tòchon pou swa dizan CORE GROUP.

Pwzidans Joe Biden lan gen obligasyon moral pou ede Ayiti kòm premye repiblik nwa ki jiska prezan pa ka RESPIRE anba jenou kolonyalis ki kontinye ap eradike nasyon ayisyènn nan. Se yon seri antite rasis ki dakò bay tout lòt peyi yon chans pou respire, men jamè Ayiti!

Jacob Bendhalam

Comments are closed.