Gouvènman defakto Ariel Henry ap depale nan voye flè pou kouraj ak detèminasyon ajan PNH ki tap eseye kanpe goumen kont atak gang yo sou 2 prizon nan Lwès peyi Dayiti.

861

03 – 03 – 2024

Pòtoprens, Atiyi__(TRiboLAND) Nan yon nòt ofisyèl kap vire won sou kont tweeter Ministè Kominikasyon, jounen dimanch 3 mas 2024 la, gouvènman defakto Ariel Henry ap depale e wete chapo li byen ba pou salye ti gwoup polisye ki t ap eseye kanpe devan atak gang ak zèl sapat yo fè sou 2 prizon sivil andedan peyi a, sòti ayè samdi pou leve jounen dimanch 3 mas 2024 la.

Devan dram san parèy sa a, ekip sanginè ki sou pouvwa a, ki donk, pijon vwayajè a Ariel Henry ak tout akolit li yo, fè konnen, “yo remèsye popilasyon sivil la nan mizè yap konnen la a, ki chwazi rete tèt fwèt.”

Pwomèt y ap fè swit ak sak pase a, gouvènman reselè ex-defakto a, anonse ajan PNH yo pral fè tout sa yo konnen, pou jwenn prizonye ki sove yo epi arete responsab zak kriminèl yo ansanm ak tout konplis yo mannyè pou lòd kap retabli nan peyi Dayiti.

Langaj tèt anba sila yo, montre yon lòt fwa ankò, pa genyen plan ni vize; se yon veritab gouvènman rizib, enkonpetan ki alagoni e kap depale anba kabann.

Comments are closed.