Ponpye komin Kafou pote “le bras” bay viktim gwoudou gwoudou Gran Sid yo

1,022

08/14/2021

Kafou______(TRiboLAND) Meri Kafou a mobilize pou pote ranfò bay sitwàyen yo kap prang wo lanm nan Gran Sid la swit ak gwoudou gwoudou 7.2 magnitid la ki lage peyi Dayiti nan dràm. Konsa nan sans sa, pwemye sitwàyen komin Kafou a, Majistra Jude Edouard Pierre depeche plizyè ekip sapè ponpye ak ekipman sèvis ansandye ak pote sekou yon fason pou pote ranfò bay lòt fòs operasyonèl yo ki deja sou plas ap bay jarèt.

Dapwè Majistra Pierre, ekip ponpye yo chaje avèk eksperyans; yo te travay deja apwè katastwòf 2010 yo e siklòn Mathieu 2016. “Yo pràl genyen pou fè yon seri rechèch sou moun ki anba dekonm ak antreprann yon seri travay netwàyàj”, dapwè Pierre ki detèmine pou komin Kafou pote grenn sèl pa li nan yon parèy katastwòf nan Gran Sid la.

Comments are closed.