Responsab MSPP yo ouvwi yon lòt sant pwizanchaj nan depatman Lwès la

312

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon koferans ke li bay jodi madi 2 Jwen 2020, ko-pwezidan Komisyon Miltisèktoryèl Jesyon pandemi Kovid-19 la, Dr. Lauré Adrien anonse ouvèti yon lòt nouvo sant pwizanchaj pou sitwayen ki enfekte anba viris la.

Sant pwizanchaj sa, dapwè responsab Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) an, localize nan pak espòtif “Espoir”, nan lokalite Kanaan, komenn Kwadè Boukè. Yon espas ki ekipe avèk plis pase 200 kabann e ki kapab delivwe yon swenyaj nivo 1 ak 2.

Sepandan, sant pwizanchaj Delmas 2 a jwenn benediksyon ak felisitasyon responsab MSPP yo, ki estime pèsonèl swanyan ou pwofesyonèl sante yo ap byen pase! Sou yon total 56 pasyan yo anrejistre 6 mò alòske 2 nan mò sa yo se moun ki pat ko menm rive nan sant lan.

Dr. Lauré Adrien ajoute, sant Delmas 2 a trè trè byen ekipe; li pran omwens 50 kabann e li genyen yon pèsonèl kap delivwe yon sèvis enpwesyonan. Dapwè Dr. Lauré, depans operasyonèl yon sant pwizanchaj pou malad kovid-19, koute tèt nèg.

Comments are closed.