“Bat chyen Legran tann Dajanson:” Enòminite krim ki fèt sou pèp ayisyen an pap rete enpini

0 485

Lendi 11 Novanm 2019

Se avèk anpil lapènn popilasyon ayisyènn nan ap rann kont genyen yon gouvènman toujou nan peyi Dayiti; e se menm yon odas pou ta menm pale de Ministè la Jistis anndan yon peyi ki livwe a li menm pandan divès enstans nan pouvwa PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) ap jwi enpinite chak jou bondye mete.

Volim krim odye kap fèt chak jou sou yon popilasyon kap pwoteste kont yon gwoup ganstè, kriminèl ak kòriptè enstitisyonalize pa ka egale aksyon ou dezobeyisans sivil yon pèp ki opwime ou abize depi dig dantan. Anplis, zak asasinay ak aktivite gang ki endekse moun ki pwòch pouvwa a pa ta ka pase sou silans yon enstitisyon pwestijyez e respektab tankou Amnesty International.

Si pouvwa PHTK a kokoratize Lajistis e rann li fèb nan tout nivo yon fason pou pèpetre krim tankou Lasalinn, Bel Air, kafou Fèy, pou nou site sa yo sèlman, men fòk ta genyen yon zye bande entènasyonal ki pou ta dokimante enòmite krim san pwesedan sa yo ke pouvwa Jovenel Moise la pa sispan miltiplye je fèmen e kè pòpòz kont yon pèp ki pa fè okenn krim sinon ke mande depa yon pwezidan imoral ki pa menm anmezi pou pwokire moso manje, dlo, pwòpte ak sekirite pou pèp li.

Dwa moun an Ayiti

Se tout afè nòmal pou genyen yon enstans entènasyonal ki pou rele anmwey kont yon gouvènman vanpir ki pa jènnen fè mèsenè antre vinn touye pwòp pitit tè dayiti. Li tout afè nòmal pou Amnesty International kòmanse mete yon seri dispozitif oubyen pwosedi an plas, ki pi devan kapab fasilite yon evantyèl manda darè entènasyonal kont tòsyonè yo.

Minis Jistis Jean Roudy Aly pa bezwen fè tankou li etone de rapò Amnesty International mete deyò yo; dayè antan ke kad, li konnen trè byen wout ke gouvènman-l lan te pwan an se te deja asèpte gwo konsekans yo ki genyen yon pòte entènasyonal.

Moun ka konpwann ke Minis lan vle montre chèf li ke li oze kesyone fidelite rapò AI a; sepandan, Minis la pa ka inyore kapasite yon tèl òganizasyon pou monitore krim ki fèt menm lanwit pou pa menm di krim Polis Nasyonal la ak anpil lòt enstans nan gouvènman komèt gwo midi sou yon popilasyon ki alagoni.

Pwovèb la di, bat chyen an, tan mèt li. Mèyè sèvis pou Minis Jean Roudy Aly ta rann koulya, se ede diferan aktè ki enplike nan krim kont limanite ou dwa moun say o konpwann pwosedi pwosè tribinal entènasyonal yo.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply