Etazini: fuziyad nan Ilinòy touye 3 moun e blese 3 lòt

326

12/27/20

Ròkfòd, Ilinòy_____(TriboLAND) Dèy pa sispan miltipliye nan peyi Etazini avèk yon nouvo fuziyad mòtèl ki koze lanmò 3 moun e blese 3 lè zòt samdi 26 desanm 2020 an nan yon sal bowling nan Rockford nan Illinois, daprè sa otorite polisyè yo konfime.

Konsa, polis lokal la mande popilasyon an pou yo rete tèt fret e kanpe lwen zòn ki afekte a, annatandan ke yo nòmalize espas la.

“Ankèt yo ap rapouswiv. Nou genyen 3 moun ki mouri,” daprè alatèt polis la, Dan O’Shea nan moman li t’ap bay yon konferans pou laprès nan lye krim nan, Don Carter Lanes. Li konfime egalman ke genyen 3 lòt moun ki blese anba bàl e ki lopital ap pran swen medikal.

“Nou te arete yon sispèk. Jiska prezan se sèl sa ke nou genyen nan moman sa,” selon deklarasyon M. O’Shea ki pa bay plis lòt detay. Nan lokasyon kote ke ensidan an pase a, moun te kapab li sou kont Facebook espas la yon mesaj ki di: “Priye silvouplè”.

Comments are closed.