Pwemye minis Ariel Henry anonse yon seri dispozitif pou rakousi depans leta

955

08/10/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nouvo Pwemye minis, Ariel Henry ap trese lèl pou rakousi yon seri depans piblik leta. Nan yon nòt ke li te pibliye 30 jwiyè dènye, kote ke li te anonse yon seri dispozitif ke li te konte pran, pwemye minis defakto a kadnase e mete ola sou tout kalite subvansyon jiska nouvèl lòd. Li redwi kapasite kabinè li a 10 manm sèlman.

Ariel retire yon pwèlyèm sou nouvo anplwàyabilite. Li mete yon arè nan tout nouvo pozisyon nan fonksyon piblik la, esèpte manm kabinè yo.

Ariel Henry ki pwomèt pou kontinye heritaj Moise la, pase ministè ekonomi ak finans lòd pou aplike kòrèkteman mezi sa yo e mete pwimati a okouran tout varyasyon ki egzije lòt limitasyon.

Comments are closed.