ONA bay tout annafè ki dwe li delè 8 jou pou yo vinn regleman avèk li

699

07/28/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon nòt li fè sòti toulimen jodi mèkredi 28 jwiyè 2021 an, Direksyon Jeneral Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA) bay tou moun ki an reta 3 peyman dwe pase nan enstitisyon an pou yo vinn onore dèt yo.

Enstitisyon an deklare kèlke swà kalite kontrent ke annafè yo genyen, yo dwe pase nan direksyon ONA a pou yo peye dèt yo; patikilyèman, sa yo ki anreta pou 3 mwà.

Selon Direktè jeneral la, Jemler Marc Jean-Baptiste, ONA akòde 8 jou sèlman pou antite ki annanfè mache sou li pou vinn fè regleman. Si tout fwà yo ta kite delè sa pase, pap genyen oken konsiderasyon kap kapab anvizaje pou yo, dapwè direktè jeneral la. Dispozitif sa efektif apati jou delè a soti a.

Comments are closed.