Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl mete entèdiksyon pou oken lekòl pa reouvri pòt avan 10 dawou 2020

384

Pòtoprens___(TRiboLAND) Aprè ke gouvènman an pibliye yon entèdiksyon pou enstitisyon skolè yo pa vann paran yo mas, Direksyon Depatmantal edikasyon Lwès la raple nan yon lòt kominike ki date samdi 18 jwiyè 2020 an, tout responsab etablisman skolè yo ansanm avèk ajan edikatif yo ke ouvèti lekòl yo fikse pou Lendi prochen k’ap 10 Dawou.

Daprè Ministè edikasyon nasyonal ak Fòmasyon profesyonèl, dat 10 dawou a se yon dat ke yo konsidere pou nouvo kalandriye skolè a yon fason pou yo kapab arive fini ak ane akademik 2019-2020 an ke kovid-19 la depatcha.

Ministè a raple ke pa genyen oken lekòl ki otorize ouvri pòt yo avan dat ofisyèl sa. Li konte sou konpreansyon ou patisipasyon tout moun espesyàlman ajan edikatif yo.

Comments are closed.