Sèktè Demokratik Popilè (SDP) a menase pou pran distans li ak Akò pwimati a

1,743

11/19/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Akò Pwimati a ki te pwevwà mete sou pye yon gouvènman tou nèf ki tapwàl fasilite yon tranzisyon djanm e byen poze, toujou an mal makak e kreye anpil machwè gonfle bò kote sipòtè, sinyatè ak reselè yon parèy akò.

Konsa, fas ak yon parèy akò ki nan pasaj pou mete yon nouvo gouvènman, pasyans SDP rive nan bout li; kidonk, li anonse ke yo kapab divòse ak akò 11 septanm nan si tout fwà kadans nouvo gouvènman an ta tèt koupe ak PHTK, tankou depaman ak sa SDP ap chèche, l ap mache pòs li.

Selon Mèt André Michel ki se rapòtè SDP, òganizasyon an pa antann danse kole ak yon nouvo gouvènman PHTKis”. Tout fwà, avoka a rete kwè se fòmasyon yon nouvo gouvènman ki kapab arive adrese latriye pwoblèm peyi a tankou: antame pwosè yon pakèt masak nan katye popilè tankou Lasalin.

Comments are closed.