Pwezidan Joe Biden ap voye yon anvoye espesyàl nan peyi Dayiti avan lontan

593

07/21/2021

Wachennton______(TRiboLAND) Pwezidan peyi Etazini an ap voye yon anvwàye espesyàl avan lontan nan peyi Dayiti. Yon parèy vizit pwàl antre nan kàd pou ede gouvènman federal peyi Dayiti a ki anbweye sou back soti nan enpas difisil ke l’ap fè fas la. Delege ou anvwàye espesyàl la ap genyen pou chita travay ak @CRSHC_HT ak @Ariel Henry yon fason pou mete sou pye yon veritab gouvènman ke ayisyen yo ap rele chèmèt chèmètrès.

Antouka, se mesaj sa ke moun te kapab li sou kont twitter Mesye Jacques René Gaillot Jr., yon politisyen ameriken ki anonse gouvènman ameriken an nan pwosesis pou li pwosede ak nominasyon yon anvwàye espesyal ki pwàl ede nouvo pwemye minis defakto a pran nanm ak mete sou pye fòmasyon yon gouvènman ki pa genyen fòs kote men kap jenere plis douvèti politik.

Comments are closed.