Pitye pou peyi a!

397

02/14/2021

Pitye!

Fèmen vàn dirijan sòt, awogan, trèt la. Lòt peyi ki pi devan yo, k ap vanse nan respè dwa moun, k ap pwodwi richès, se chwa entelijan yo fè; yo chwazi moun ki gen dimansyon pou transande, ki klèvwayan, ki mete lasyans devan, ki entèg, ki gen pratik enstitisyonèl, ki PATRIYÒT.

Nan eta Ayiti ye la a, gang toupatou, nan lari a tankou anndan Leta a, si se nan eleksyon nou prale pou jwenn lòt modèl dirijan, bon sèvitè piblik, anvan 2 lane, l ap enposib:

1) Lajan dwòg, kontrebann ak sa moun vòlè sou tout fòm twòp sou tèren an: yo ka achte moun ou ta sezi tande;

2) Nivo desepsyon anpil moun onèt fas ak movèzgouvènans peyi a, kwape yo sou sèn politik la. Majorite kanpe lwen, yo kite tonbe dosye kandidate, vote, revandike; yo pè non yo ak po yo;

3) Nivo efondreman enstitisyon piblik yo, pratik boure bwat leta yo ak sovaj, « incultes », kliyan elektoral, machandiz politik, chiens de garde; elwaye nou plis chak jou ak posiblite pou refòme, restore, modènize leta a. Machin koripsyon ak enpinite a bwaye rèv byennèt twòp moun, konvèti yo an mandyan, sanzave, valpa, malandren, salopriti. *Dega yo anpil*.

Ann sove peyi a, ann chavire chodyè a. L ap difisil men nou kapab. Sistèm kolonyal esklavajis modèn nan ponn ze konze, lach ak souflantchou nan nanm nou, nan pratik nou yo, nan rapò nou ak moun; li drese mas pèp la tankou bèt; li kreye yon klàs mwayèn nouvo lib ak yon latriye entèlektyèl dyòl bòkyè, anboujwaze. Se konsa sistèm nan ka renouvle tèt li, alimante endistri lamizè a epi simaye latwoublay. Ann konbat li! Peyi a gen moun toujou.

Nou sèlman bezwen rekonsilye peyi a ak moun onèt yo, moun entèg, moun save ak moun ki kwè Ayiti ka bon pou tout moun. Sispann agrese yo sou laj yo, koulè po yo, kote yo fèt ak grandi.

Pitye pou peyi a.

Claudy DONET
PA JANBE
source et credit: https://www.facebook.com/564020520786058/posts/1106829636505141/?app=fbl

Comments are closed.