Yon tribinal refere yo rann yon desizyon jistis anfavè Dr. Réginald Boulos, lidè MTVAYITI a

781

07/28/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Kidonk, tribinal la deklare desizyon ULCC pou mete kadna sou kont Dr. Boulos yo ilegal e abitrè. Konsa, li voye nan kwen tout pouswit ki soti bò kote Alatèt ULCC a. Tribinal refere yo, lonje dwàt jouda sou “abi eksesif otorite” direktè ULCC a te itilize nan modalite yo.

Se yon veritab kout zo pou Réginald Boulos ki pwàl rekipere tout kont dappiyanp ki te jele yo ak soulajman yon latriye sakad pèsekisyon politik ke li tap fè fas.

Ajoute a sa, tribinal la otorize lidè MTVAYITI a pou pran wout jistis kont dirèktè ULCC a pou domaj ak enterè.

Comments are closed.