Ministè Lajistis: sitwayen pèzib nan Village de Dieu gen 72 èd tan pou kite ka katye sa

0 331

Pòtpwens____(TRiboLAND) Nan yon pwen pwès ki bay jodi Vandredi 24 Avwil 2020 an nan residans Pwemye Minis la, Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Lucmane Délile ak yon ton fèm pat pase wout pa bwa, pou bay tout sitwayen pèzib kap viv nan Village de Dieu 72 èdtan pou yo kite katye a; e si yo pa retire kò yo gouvènman an pap responsab pou sak rive yo.

Alatèt Jistis la estime ke popilasyon an pa kapab kontinye ap moute ma swife ensekirite sa, dapwè Lucmane Délile ki ankouraje popilasyon pote kole avèk fòs lòd yo yon fason pou debarase katye a avèk eleman sibvèsib sa yo.

Leave A Reply