Larisi: Pòtpawòl Putin lan lopital pou kowonaviris

0 310

Moskou____(TRiboLAND) Pòtpawòl Pwezidan Vladimir Putin nan deklare ke li lopital akoz enfeksyon kowonaviris la.

Dmitry Peskov konfime bay ajans nouvèl Inerfax jodi Madi 12 Me 2020 an, “Wi, mwen malad e map pran treteman”, se sa pòtpawòl Kremlin deklare. Yon anons ki fèt kèk ti tan apwè ke Putin deklare ke Larisi ap redwi nivo enfeksyon kowonaviris la piti piti e anonse ke yo arive diminye restriksyon yo onivo nasyonal.

Larisi rapòte plis pase 232,000 ka enfekte kowonaviris jiska jodi madi a; kèk ti tan apwè ke Putin fè yon entèvansyon televise yè Lendi a nan kad mete fen pasyèlman ak restriksyon ekonomik yo alòske otorite sante yo te rapòte nan menm joune a plis pase 11,600 nouvo ka kovid-19.

Leave A Reply