Plizyè òganizasyon nasyonal e entènasyonal reyini nan lokalite Paskatabwa pou drese yon CHAT ke yo te ekri nan kad proteje anviwònman an.

1,707

11-09-2022

Divès òganizasyon lokal, nasyonal kou entènasyonal reyini jounen jedi 10 novanm 2022 a, nan lokalite Paskatabwa,5e seksyon, komin Pòdpè nan lide pou fè suivi ak CHAT sou anviwònman nan kad pwojè MYP 2022-2024 la.

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Divès òganizasyon lokal, nasyonal kou entènasyonal kap travay pou chanje eskanp figi anviwònman depatman Nòdwès la tankou : ODRINO, Komite Basen Vèsan Rivyè Moustik, Gwoup Aksyon Frankofòn pou Anviwònman, monte yon latriye atelye travay sòti ayè mèkredi 09 ak jounen jedi 10 novanm 2022 a, nan objektif pou fè suivi ak CHAT sou anviwònman yo te ekri nan kad pwojè MYP 2022-2024 la.

Òganizasyon sa yo te antann yo sou 5 pwen tankou :
1-Pa sèvi ak estiwofòm (asyèt plastik) ni sachè dlo nan tout aktivite yap antreprann chak jou.
2-Sansibilize moun kap viv ak aktè kap entèveni nan BV sou ekoreponsabilite yo.
3-Fè triyaj dechè ak reitilize yo nan espas chak enstitisyon ki nan pwogram nan.
4-Itilize epi fè pwomosyon pi plis ke posib pou pwodui lakay ak Nasyonal nan aktivite kotidyèn yo.
5-Fè epi ankouraje pwodiksyon konpos ak dechè òganik.

Yon aktivite ki jwenn sipò ekonomik li bò kote, Join For Water nan lide pou ede pwoteje anviwònman an. Nou angaje nou pou nou pwoteje epi sove anviwònman nou.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.