Kidnapping sou wout Enri-Gwomòn : kat moun, pami yo yon responsab ONAPÉ ak yon avoka, ta kidnape

150
1
Share:
TRiboLAND

09/08/2026

Latibonit, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon zak kidnapping fèt nan lannuit lendi 7 pou rive madi 8 septanm 2026 la sou wout ki relye Enri ak Gwo Mòn. Daprè enfòmasyon ki disponib, plizyè moun ame, yo ta idantifye kòm manm gwoup kriminèl « Kokorat San Ras », entèsepte yon machin epi ale ak kat moun ki te ladan l.

Pami moun ki tonbe anba men bandi yo, genyen Mèt Caleb Jean-Baptiste, ansanm ak Stéphanie Paultre, direktris jeneral ONAPÉ a. Yon polisye ak yon lòt viktim kidnapping lan tou. Pou kounye a, pa gen detay presi ki disponib sou kondisyon moun yo ni sou sa kidnapè yo ta mande kòm kondisyon pou liberasyon yo.

Daprè enfòmasyon yo, kèk èdtan anvan ensidan an, Stéphanie Paultre ak Mèt Caleb Jean-Baptiste te patisipe nan aktivite lansman ofisyèl ane akademik 2026-2027 la nan Enri. Apre seremoni an, delegasyon an te pran direksyon Gwo Mòn, kote li te gen pou l vizite biwo ONAPÉ ki nan zòn nan, anvan li te retounen Pòtoprens.

Se pandan trajè sa a, sou wout Enri-Gwomòn, machin nan tonbe sou gwoup bandi ame yo. Daprè temwayaj ak enfòmasyon k ap sikile, otè kidnapping yo ta fòse machin nan kanpe anvan yo pran kontwòl sitiyasyon an epi ale ak kat moun ki te abò a.

Kidnapping sa a soulve yon lòt fwa ankò gwo enkyetid sou kondisyon sekirite moun k ap sikile sou aks Enri-Gwo Mòn nan. Sitiyasyon an mete an kesyon kapasite otorite yo pou garanti sekirite sou kèk gwo wout peyi a, sitou nan yon moman kote zak kidnaping ak atak gwoup ame kontinye reprezante yon gwo menas pou popilasyon an.

Pou moman an, enfòmasyon sou ensidan an dwe konsidere avèk prekosyon, annatandan yon konfimasyon ofisyèl sou idantite kidnapè yo, kantite moun ki kidnape yo, kondisyon yo ak nenpòt demann ki ta fèt pou liberasyon yo. Otorite konpetan yo poko bay tout detay sou operasyon ki ta kapab lanse pou jwenn viktim yo.

Share:

1 comment

Leave a reply