Bandi sangwen kidnape yon etidyan Fakilte Syans Imèn

2,056

09/30/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Bandi sangwen kap feraye nan kapital la, kidnape kèpopòz ayè madi 28 septanm 2021 an, Johnny Jean yon etidyan Syans Imènn nan Inivèsite Leta Dayiti.

Viktim nan ki tap antre lakay li nan moman li te apènn kite enstitisyon an t’ap pwàl antòtye anba men nèg ame sangwen nan riyèl Cameau, selon temwanyàj plizyè kondisip li.

Konsa, pou echanj liberasyon Johnny, ravisè sangwen yo mande yon montan 300 000 dola ameriken.

Comments are closed.