Yon delegasyon Nasyonzini vizite CEDUCC nan komin Leyogan nan kad pwojè k’ap enplemante pou deplase yo ki te nan komin Gresye.

10 – 22 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Kòdonatris adjwen biwo Nasyonzini, madam Nabil Chemil, madam Gaeta Narayan, reprezantan (UNICEF AYITI) nan tèt yon delegasyon akonpanye kad nan plizyè enstitisyon, vizite soti nan week end pase a, pou rive madi 20 oktòb 2026 lan, 2 sit entèvansyon Centre pour l’éducation communautaire et la culture (CEDUCC) nan komin Leyogan, nan kad yon pwojè pou pote repons bay deplase yo ki soti nan komin Gresye fas ak atak vyolans gang ame yo.
Selon responsab yo nan CEDUCC lokal , se te yon vizit sipriz ki te chaje ak emosyon ak sakrifis pou pèmèt delegasyon an gade ak pwòp je yo mizanplas CEDUCC nan lide pou ofri deplase yo yon sèvis kalite nan distribisyon dlo pòtab, ijèn ak asenisman nan anviwonman yo twouve yo a. Manm CEDUCC yo fè konnen delegasyon an pa kache satisfaksyon ni pou bonjan estrikti yo mete pou fè seri entèvansyon yo nan benefis deplase yo ki nan sitiyasyon difisil tankou: blok sanitè avèk konfòmodèn, enstalasyon plizyè sistèm solè pou moute dlo epi klere je kategori moun ki deplase yo ak konstwiksyon kèk blòk douch nan kad pwojè sila a.
Toutfwa, nan fen vizit la, delegasyon an te reyalize yon seyans echanj ak kòdonatè imanitè yo ak reprezantan UNICEF, nan lide pou kolabore ak patnè imanitè yo e ajan sistèm Nasyonzini yo nan rejyon an. Yo ankouraje manm CEDUCC yo pou kontinye kolabore fas ak gran defi ak bezwen deplase yo ki soti nan komin Gresye, kap kouri pou vyolans gang ame yo.






