RDC : 2 moun blese apwè ke yon bonm atizanal eksploze nan yon legliz nan Beni

495

06/27/2021

Beni, RDC_____(TRiboLAND) Popilasyon an nan katye Butsili nan vil Beni, leve byen bone maten an avèk yon gwo detonasyon ak sakad eksplozyon yon bonm anndan legliz katolik Emmanuel- Butsili a, kote ke 2 moun arive blese grav.

Dapwè Josué Muzanzalire ki se chèf katye Butsili, nan Beni, “dega materyèl yo pa piti! Se pwèske tout anndan legliz la ki andomaje avèk yon parèy bonm. Anplis, 2 manman ki te leve bonè pou pwepare legliz la pou yon mès konfimasyon, te antre avan nan espas la; konsa yo te blese, e yo te transpòte yo lopital, sepandan lavi yo pa andanje”.

Pandan tan sa, ankèt otorite RDC yo ap pran jarèt pou arive idantifye koupab yo ki pa fè oken revandikasyon atanta a. Nap raple se pou pwemye fwa yon legliz arive sible nan vil Beni ki localize nan zòn Ès peyi Repiblique Démocratique du Congo.

Comments are closed.