Kolonbi: elikoptè pwezidan Ivan Duque krible anba bal, ankèt yo ap pouswiv

523

06/27/2021

Bogota_____(TRiboLAND) Otorite yo nan peyi Kolonbi ap pouswiv avèk anpil agresivite ankèt sou otè atanta ki te fèt sou elikoptè pwezidan kolobyen an, Ivan Duque ki tap vwayaje avèk 2 minis li sou fontyè avèk peyi Venezwela yè vandredi 26 jwen 2021 an.

Elikoptè pwezidan Duque a te resevwa plizyè pwojektil ki ta sanble ki te soti nan direksyon banlye Cucuta ki a yon kilomèt edmi  avèk pis aterisaj la. Apwè zak la, pakè Cucuta a pat pran tan pou depeche yon komisyon anketè pou tras koupab yo. Rechèch ki te kondwi avèk yon sèktè pwòch ayewopò a, pèmèt ke yo pwosede ak arestasyon 5 endividi e yo jwen 2 fizi, pami yo yon AK 47, 5 chajè minisyon avèk pwèske 2 douzèn dwouy pèkite, dapwè Jeneral Jorge Vargas, yon chèf polis.

Nap raple, nan lòt zam ke otorite kolonbyèn yo te jwen, genyen yon mak lame peyi Venezwela sou li. Konsa, otorite dispoze yon pwim 3 milya peso pou nenpòt enfòmasyon ki kapab pèmèt yo mete men nan gagann otè atanta a.

kredi foto: AFP – SCHNEYDER MENDOZA

Comments are closed.