Wout Lasalin la reprezante yon malè pandye pou trafikan ak machann Sara nan vil Pòdpè.

3,090

Louis Jameson
26/01/2022

Lasalin, Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon wout ki lye plizyè lòt komin ak seksyon kominal nan depatman nòdwès la, men ki toujou bay kè kase ak dezolasyon pou sila yo k ap frekante ti wout zokotòp sa chak jou.
Alokse Ministè Travo Piblik ak Kominikasyon te fè yon pase men “Krate tè” sou li nan lide pou amelyore kondisyon moun ki abite nan zòn nan e sitou lòt pwochen k ap frekante l pou echanj komèsyal yo.

Kidonk, se te mal kalkile, lapli kap miltipliye depi yon bon bout tan pwovoke wout la tounen nan menm eta kritik la. Sa, vin ogmante tribilasyon, mizè ak laperèz lakay popilasyon an sou diferan travay ministè “Grate Tè” a ap reyalize sou depatman nòdwès la.

N ap raple w, se nan menm wout Lasalin sa a nouvo lopital OFATMA ak nouvo santral elektrik (EDH) ke ansyen prezidan Jovenel Moïse te konstwui ki, jiska prezan , pa fonksyone akòz plizyè mòtè ki pa gen jèfwenn pou alimante vil site Kapwà Lamò a.

Comments are closed.