Akademi Fransèz distenge twà ekriven ayisyen : Emmelie Prophète Milcè, Franckétienne e Louis-Philippe Dalembert

620

06/25/2021

Paris_______(TRiboLAND) Nan piblikasyon “Palmarès 2021” an jodi vandredi 25 jwen an, Akademi Fwansèz distenge 65 pèsonalite; pami yo ou jwen twà ekriven ayisyen: powèt e romansyè, Emmelie Prophète Milcé, ekriven Jean-Pierre Basilic Dantor, alyas “Franckétienne,” ak romansye Louis-Philippe Dalembert.

Direksyon Nasyonal Liv (DNL) bat gwo bwàvo ak kontantman pou 3 ekriven remakab sa yo ki leve eskanp figi zèv literè peyi Dayiti yo nan yon lòt nivo.

Kidonk, twà pèsonalite ayisyèn sa yo fè fyète sosyete ayisyèn nan. Franckétienne ki genyen non li antèt lis distenge yo, resevwa Gwo pwi Fwankofoni a; pou Emmelie Prophète Milcé, li resevwa pwi “Reyònman lang lan ak Literati Fwansèz; finalman, Louis-Philippe Dalembert resevwa pwi François Coppée pou kalite zèv enpwesyonant li a ki titre “Cantique du Balbutiement.”

Comments are closed.