Nekwoloji : Ansyen Majò ou senatè Dany Toussaint di planèt la babay

1,230

09/15/2021

Kap Ayisyen______(TRiboLAND) Ansyen Majò Lame Dayiti ou ansyen senatè Dany Toussaint, yon ansyen Gran Toryan Fanmiy Lavalas, di planèt la babay selon sa ke yon sous familyàl anonse jodi mèkredi 15 septanm 2021 an.

Dany ki te yon bwà dwàt e fidèl Fanmiy Lavalas te konstitye youn nan ranpa enpekab nan pwokire sekirite rapwoche pou lidè Lavalas la, Jean-Bertrand Aristide. Li te egalman retrouve li kòm Alatèt Police Nationale d’Haiti e senatè repiblik la. Nan lane 1991, Dany ki te trè fidèl anvè ansyen pwèt Sen Jan Bosko a, te asèpte pran wout ekzil avèk li apwè yon koudeta.

Ansyen kandida pwezidansyèl 2006 ou lidè pati Mouvement Démocratique Réformateur d’Haiti (MODEREH) a, mouri a laj 64 lane lakay li nan Laboule apwè yon atak serebwàl; li te malad pandan plizyè ane. Ke nanm Dany repoze nan lapè e ke Bondye pote rekòfò ak konsolasyon bay tout sa yo ki nan lapèn!

Comments are closed.