Lame dominikèn depòte plis pase 3000 resòtisan ayisyen

1,238

09/16/2021

Sen Domeng_____(TRiboLAND) Asasinay pwezidan Jovenel Moise ak kondisyon sosyo politik e ekonomik pwovoke yon egzòd san pwesedan nan kantite migran ayisyen kap kandale desann nan jou sa yo lakay vwàzen dominiken yo, dapwè sa responsab imigrasyon yo deklare.

Nan mwens 15 jou, otorite dominikèn yon arete e depòte 3000 ayisyen ki tap riske travèse lizyè nan fason iregilye anndan peyi repiblik dominkèn. Kidonk, ayisyen yo ap eseye kouri pou sitiyasyon ensekirite tout kalite kap anpire lakay yo e yo oblije leve kouri masivman lòt bò fontyè. Selon otorite yo, yo arive sezi tout machin ak moto ki tap transpòte yon latriye sitwàyen.

Enfòmasyon yo fè kwè ke se lame dominikèn ki pwosede ak arestasyon migran sa yo. Depi kèk tan, otorite panyòl yo ranfòse mekanism sekirite yo avèk yon seri mezi tankou kontwole tout san papye atravè tout peyi a e ogmante patwouy sou fontyè avèk Ayiti.

Ajan imigrasyon yo pa sispan miltipliye operasyon koukouwouj yo patikilyèman nan zòn Santo Domingo, Dajabón, Santiago Rodriguez, Montecristi, San Pedro, La Romana ak Valverde.

Comments are closed.