Yon dam ansent 9 mwa krible anba bal nan Site Solèy

283

Site Solèy, Pòtoprens___(TRiboLAND) Ankò yon lòt krim repiyan arive komèt sou yon dam ansent gwo vant nan Brooklyn, Site Solèy devan yon enstitisyon eskolè yè samdi 25 jwiyè 2020 an.

Dam ansent la ki te genyen kèlke jou pou akouche, arive resevwa plizyè bal nan tèt nan katye popilè Brooklyn nan moman plizyè group bandi ame tap troke kònn yo. Selon enfòmasyon ke TRiboLAND arive jwenn, yon bon valè lòt moun ta arive blese egalman anba bal bandi legal.

Konsa, dam ansent lan arive mouri ak tout bebe a, yon krim sou krim ki depase imajinasyon moun. Nap raple, krim odye an Ayiti pa sispann miltiplye anba grenn je otorite yo ki pa sispann danse kole ak mouvman gang.

Sa gen lontan yon ti fiyèt mwens pase yon lane te arive tonbe anba bal bandi nan menm anviwonnman sa, ki pa bouke konte kadav.

Comments are closed.