CAMH mande chef Leta Jovenel Moise demisyone yon fason pou evite pi mal pi tris

361
Frantz Ulysse, youn nan ansyen majistra nan Sen Mak ki sinye kominike ki reklame demisyon Prezidan Jovenel Moise la

Pòtoprens___(TRiboLAND) Kòripsyon Deta, enstitisyonalizasyon gang, enflasyon galopant, ensekirite alimantè, agravasyon ou deteryorasyon mizè nwa nan tout globalite’l, se tout kalifikatif sa yo Coalition des Anciens Maires d’Haiti (CAMH) itilize pou dekri eta entolerab pouvwa Jovenel Moise la mete peyi a.

Nan yon nòt CAMH fè soti nan laprès jodi dimanch 26 jwiyè 2020, kalifye prezidan peyi kòm “diktatè apranti” ou ògèye ki fè peyi a pase kòm peyi ki pi enstab sou plan politik ak ekonomik nan rejyon an. CAMH ale pilwen pou deklare ke Jovenel Moise kontribye nan defayans enstitisyon peyi a, e pa menm manke demontre volonte pou kreye yon anviwonnman politik ki desan ak yon kwasans ekonomik soutni ki te kapab leve peyi Dayiti an dinyite.

Konsa, CAMH mande chef Leta pou kraze yon kite sa avan lè yon fason pou nou pa tonbe nan plis mal makak somalize.

Comments are closed.