Service Intelligence Parquet de Port -de-Paix (SIPP) vle mete yon fwen nan jwèt pike kole yon seri ajan sekrè ap fè avèk kàt idantifikasyon yo.

570

06/13/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon nòt pou lapwès ke li mete deyò, Service Intelligence Parquet de Port -de-Paix (SIPP) a ap remèsye tout ajan sekrè li yo pou disponiblite yo ak volonte yo manifeste nan kad founi enfòmasyon sou yon seri zak kriminèl kap repete nan mitan popilasyon an nan Nòdwès.

Nan menm sans lan, SIPP tou pwofite enfòme popilasyon pòdepezyèn nan ak tout lòt ki konsène tankou ajan sekrè volontè pakè a, ke li konstate yon seri deriv ki fèt kòm kwa gen anpil fotokopi kotmaltaye ki fèt avèk kàt idantifikasyon ajan sekrè yo. Ajoute ak sa, yo menm arive fè lajan avèk yo nan itilize non Komisè Gouvènman an.

Fas ak zak malonèt sa yo, pakè a pran dispozisyon anile tout kàt ajan angaje sa yo te genyen an posesyon yo. Kidonk, yo genyen yon entèval 5 jou fran pou yo retounen kàt elimine sa yo nan pakè Pòdpè a.

Pakè a mande pou tout sa yo ki konsène, itilize sajès fas ak yon parèy pwosesis; nan ka kontrè Lapolis ak Lajistis ap oblije mete men nan kòlèt nenpòt belijeran, dapwè Komisè Gouvènman an, Mèt Volney Bellamin.

Comments are closed.