Kovid-19 : Ministè kilti ak kominikasyon entèdi fòmèlman activite bal, jounen rekreyativ, sware sekwe kò, konsè, fèt patwonal e latriye

443

06/03/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li fè sòti mèkredi 2 jwen 2021 an, ministè kilti ak komunikasyon pran yon seri dispozitif ki fòmèlman entèdi yon seri aktivite kiltirèl, atistik ak lwazi ki kanpe antravè règ jeneral yo ki gen pou wè avèk sante popilasyon an.

Konsa, sou tou tèritwa nasyonal la, espèktak, fèt patwonal, konsè, bal, joune distraksyon gala ak yon latriye lòt aktivite piblik pa ekate nan dispozitif sa yo. Ministè a konte itilize gwo tonton fòs piblik kont tout rebèl awousa manfouben ki ta vle kanpe antravè kont tout mezi baryè yo e sa yo tou kap vyole eta dijans sanitè 15 jou ke otorite politik, piblik ak sanitè mete an plas pou konbat kovid-19 la.

Comments are closed.