Yon ansyen sekretè jeneral Racing FC nan Gonayiv jwenn arestasyon l.

1,197

Lapolis nan gonayiv, depatman Latibonit mare kou krab, ansyen sekretè jeneral Racing FC des gonaïves la, Marcelin Eugène.

09-20-2022

Gonayiv, Ayiti__(TRiboLAND) Marcelin Eugène, se non yon ansyen sekretè jeneral Racing FC des Gonayiv lapolis mare kou krab jounen madi 20 septanm 2022 a nan site endepandans lan. Eugène ki se yon avoka nan bawo Gonayiv la, jwenn arestasyon li pou detansyon ilegal gwo zam fann fwa selon wedmedias.

Nap soulinye pou ou kounya ansyen sekretè a nan gadavi kote lap genyen pou reponn kesyon lajistis, yon dosye nap kontinye swiv pou plis detay.

Comments are closed.