Gouvènman defakto a enpoze yon kouvrefe 10 pm – 5 am, yon fason pou fè fàs ak agresivite kovid- 19 la

427

05/24/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Tankou jan minis kilti ak kominkasyon an, Pradel Henriquez te anonse li sou yon radyo nan kapital la jodi lendi maten 24 me 2021 an, prezidan defakto Jovenel Moise fè sòti yon arete ki deklare “eta dijans sanitè pou 8 jou sou tout tèritwà nasyonal la apati jou piblikasyon arete a nan jounal Ofisyèl “Le Moniteur”.

Nan atik numewo 2 a, li fè eta pwensip jeneral pou pwoteksyon popilasyon an sou kesyon epidemi ak pandemi ke dekrè 20 me 2020 an te pwevwà. Konsa, tout kote ke popilasyon an ap frekante, li dwe mete màs; e tout batiman piblik dwe genyen enstalasyon “lave men”; pran tanperati moun se yon enperatif espesyàlman nan enstitisyon pwive, piblik (legliz, lekòl, inivèsite, sant sante, lopital, biwo ak nan tout kwentay) kote ke sèvis transpò ap fè debakman ak anbakman pasajè, dapwè atik 3, 4, 5 dekrè a.

Atik 6 la mete anfàz sou pwensip kanpe lwen an. Li pweskri yon distans omwen 1m50 ant tout moun ki pap viv nan menm kay. Kanta pou atik 7 la, li pwevwa yon rediksyon 50% pèsonèl kap travay nan enstitisyon yo oubyen travay domisilye.

Apa de sa, Yon kouvrefe rèd mare enpoze sou tèritwà nasyonal la jodi lendi 24 me 2021 an; apati 10 è nan aswè pou rive 5 è devanjou maten, dapwè atik 8 dekrè a. Nap raple, desizyon sa yo antre nan kàd dispozitif chèf deta defakto Jovenel Moise pou fè fàs kare ak kowonaviris ki deja semen anpil dèy nan popilasyon ayisyèn nan nan dènye jou sa yo.

Sepandan, nan yon konferans pou lapwès ke li bay menm jodi lendi an, ministè sante piblik ak popilasyon klarifye ke dispozitif sa yo konte redwi si tout fwa ka kontaminasyon yo ta sispan pran jarèt.

Comments are closed.