Me ki sa TRiboLAND konnen sou Frizt Philippe, yon ansyen Tonton Makout pòdpesyen ki di latè babay!

572

05/22/2021

  • Frizt Philippe te yon natif natal vil Pòdpè e ki te fè etid segondè li nan Lise Tertilien Guilbaud.
  • Se yon verib figi ikonik nan istwà foutbòl Nòdwès la e li tap evolye nan seleksyon Pòdpè a ansanm ak Nadim Salomon (atyèlman doktè nan New York) ki te egalman yon mechan atakan ke vil Pòdpè pa janm konnen.
  • Ekip lokal Frizt te rele Zenith, se la tou ou te jwen yon pakèt lòt gwo jwè ki pat manje anyen ki fwèt tankou: Renauld Milien, Clebert Duval, Nadim Salomon elatriye.
  • Frizt te trè espòtif e te toujou renmen ale kouri sou plaj nan Chalèt, yon estasyon balneyè ki te estraòdinè pou tout vankansye.
  • Li te yon jwè lokal ki toujou sove ekip lokal Pòdpè a ak yon gòl 6 zè. Anpil moun te pan seke foutbolè a te genyen yon pwen nan bay gòl (2 pye kole egzakteman a 6:00 pm) chak fwa vil Pòdpè ap afwonte yon lòt ekip deyò.
  • Frizt Phillippe, aprè etid li te oblije vire do bay yon karyè medsin e te chwazi antre pito kòm alatèt yon mouvman chèf ke Francois Duvalier tap inisye nan depatman Nòdwès.
  • Konsa, ou vin jwen yon Frizt kap evanjelize bò kote yon pakèt gwo duvalieris pouvwa diktatoryàl la nan Pòdpè.
  • Frizt te yon pwofesè konsome ki chaje avèk vèb; entèlèktyèlman pedan ki arive fòme yon pakèt generasyon sitou nan domèn literati fwanzèz.
  • Rejim Duvalier a te 2 je nan tèt Frizt; li te toujou lèse konpran pouvwa papa Dòk la san parèy. Konsa, ou te toujou wè Frizt sou yon Lada Niva blan ki kanpe nan plizyè ri nan site Kapwà Lamò a, pòt machin nan gran ouvè e lap pase byen fò mizik ÒkèsTropikana Dayiti “Nou renmen Duvalier, nou mete li avi”.
  • Frizt te arive Kòmandan an chèf tout Volontè Sekirite Nasyonal yo (VSN ou fòs milis kraze zo rejim papa Dòk la)
  • Bagay ke Frizt regle ak inifòm Tonton makout la, se bagay ki fè moun ri anpil nan Pòdpè. Nan epòk Kamoken yo te debake sou Zile Latòti e ki te genyen youn nan entèlèktyèl konsome ou ekstraòdinè nan tèt gwoup rebèl sa yo, nou vle pale Richard Brison regrete memwà ki apwè rejim Jean Claude Duvalier la ta pràl egzekite; Frizt te tonbe nan yon gwo diskisyon ak Direktè Kolèj Massillon Coicou a, yon kote li tap dispanse kou literati fwansèz. Frizt ki vle montre ke vil la an eta degè, te menm arive vin fè kou ak inifòm VSN ble ak bwasa wouj la sou li. Direktè Jean Jonquille te oblije redi zòrèy Frizt e li te kalifye’l kòm moun ki pa genyen anyen nan tèt li e ki kite yon pouvwa kap fè l fè makak. Frizt te vekse seryezman e menm arive kriye pou yon parèy pwopo.
  • Frizt te egalman Pwefè Site Kapwà Lamò a. Li te bay tèt li devwa pou chase tout nouvo veni ki pa sou men yo nan vil Pòdpè. Li te prefere pa dòmi chak swa pou lap siyone tout vil la yon fason pou kwape tout zak kriminèl. Avèk Frizt, se te trankilite piblik. Li atake bandi ou byen vòlè menm avan yo arive poze aksyon.
  • Bon Kavalye pòlka, Jean Theagène, yon lòt piti malad vil Pòdpè ki te byen fon nan rejim Duvalier a.
  • Anpil moun te konpran ke Frizt te yon zangi Tonton Makout ki te konnen kraze bwize, NON! Frizt te genyen “taktik oral” pou fè moun kouri, espesyàlman kreye lapè lakay yon seri jèn pou yo pa tonbe nan nenpòt vye bagay ki kapab anbarase fanmiy yo avèk vil la.
  • Genyen plizyè moun ke Frizt fòme e ede yo jwen pasaj. Nou kapab site yon ka kote ke yon pastè te vle rache Legliz Penel (Lòt bò Pon, Pòdpè) nan men yon gwoup fidèl sou pwetèks se li menm ki mèt li. Frizt te fasilite gwoup moun sa yo rekipere legliz la e òdone ansyen direktè Bank Nasyonal la, Luc Cherry fasilite transfè kont an bank lan ki te sou non pastè al jwen kongregasyon Peniel la.
  • Nan kesyon dechoukaj, lè rejim san manman an tonbe, Frizt te oblije leve kouri al nan “kanpe lwen pa pwoche” nan Pòtopwens. E se la duvalieris yo lage li 2 bwa balanse! Frizt pase yon pakèt ane ap pran flanm move moman e jiskaske li te vin retounen nan vil Pòdpè san oken repwezaj. Konsa, moun retouve yon Frizt kit e toujou ap konvèse ou debat nan baz Normil Corvoisier anpil bèl “choses de l’esprit”.
  • Frizt Philippe mouri nan yon lopital nan Pòtopwens vandredi 21 me 2021 an.
  • Li te ospitalize pou kèk jou nan menm lopital sa nan kapital la.
  • Dapwè kèk sous pwòch, koz lanmò Frizt ta yon ti jan sanble tèt koupe ak demakaj kowona; sepandan sikonstans yo toujou rete vwale.
  • Yon gwoup elèv li ki te nan Kolèj Massillon Coicou nan vil Pòdpè tap swiv avèk anpil atansyon eta sante pwofesè Frizt depi kèk jou. Lè sa li te nan oksijèn.
  • Yo gwoup kolejyen ki te reyèlman benefisye anpil savwa lakay Frizt Philippe mete chapo ba devan kadàv yon parèy potorik gason, ki te poutan jovyàl, pedan, sansib pou jenès pòdpezyèn nan.
  • Ke nanm pwofesè a repose anpè!

Comments are closed.