Pwotestatè nan Akayè bwile jodi 18 me 2021 an, 2 otobis ki tap sòti Pòdpè pou antre Pòtopwens

536

05/18/2021

Akayè______(TRiboLAND) Gwo pèt pou sèktè transpò a nan Nòdwès. Moun ki t’ap pwoteste bwile rapyetè 2 otobis ki t’ap sòti Pòdpè pou antre nan Pòtopwens. Zak kriminèl la arive fèt a kèlke kilomèt vil Akayè jounen jodi madi 18 me 2021.

Selon temwen vwayajè, nan yon pwemye tan, yon bis Sans Souci ak yon bis Remito te pase plis pase 4 èdtan nan rete tann kon pwa tann tou pwè pòs polis komin Akayè a.

Konsa, nan yon pwemye tan te genyen yon sinyàl pou bay pasaj a otobis yo; yon enfòmasyon ki pat parèt reyèl. Konsa, pwotestatè yo ki te ankòlè arive kalonnen veyikil yo ak kout wòch e mete pasajè atè, sezi kle machin yo e mete dife, dapwè sa yon pasajè rapòte TRiboLAND.

Se reyèlman lafen dètan! Ki moun ki ta kapab imajine 2 otobis pitit tè Papa Desalin nan arive bwile Akayè jodi 18 me 2021 an, plas memorab nesans drapo peyi Dayiti! Ebyen, se petèt konsa pwotestatè yo te vle selebwe fèt bikolò a!

Comments are closed.