Dife pran sou plizyè moun ki tap vann gaz atè nan Blokòs, Latibonit

215

01/23/21

Blokòs, Latibonit____(TriboLAND) Dife pran sou plizyè moun ki tap vann gaz atè nan yon lokalite ki re Blokòs nan Latibonit jodi samdi 23 janvye 2021 an.

Fòs lòd yo ki arive plas ensidan an arive sezi gaz tout rès machann ki te enplike nan aktivite vann gaz atè a.

Anpil nan moun kap vann gaz atè yo nan konfyolo ak ponpis yo, yon manyè pou yo fè mache nwa ak plis antre ekonomik. Konsa, se pa premye fwa ensidan grav ou mòtèl sa yo ap rive e yo pa janm sèvi leson ak pati rebèl ki enplike yo; ni leta pa fè jefò pou arete ponpis yo.

Dife pran sou 2 moun ki tap vann gaz nan Blokòs, Latibonit

Nou eskize pou nati video a!

Comments are closed.