Konfwontasyon 2 group gang sangwen okazyone plizyè blese nan Site Solèy

484

05/12/2021

Site Solèy, Pòtopwens______(TRiboLAND) 2 group gang sangwen mete Site Solèy tèt anba nan twoke kònn yo jodi mèkredi 12 me 2021 an. Dapwè dènye enfo yo ki arive jwen TRiboLAND, plizyè viktim arive pran bàl nan moman katchouboube sa ki eklate nan plizyè katye popilè nan site a ki se yon zòn non dwà.

Anpil gwo echanj kout zàm kreye gwo rafal panik ak laterè “chape poul”; konsa, konfwontasyon yo selon temwen, okazyone plizyè viktim. Pou pi piti genyen 5 moun arive blese gravman grav, pami yo genyen yon ajan sekirite.

Moun kè nan men te oblije kouri vit e prese transpòte nan viktim yo lopital, dapwè abitan yo ki te anba gwo chòk. Konfwontasyon group gang sangwen pa sispann repete atravè kapital; se yon seri zak teworis ki antre nan kàd estratejik group kriminèl sa yo pou elaji tèritwà yo anba.

Paralèl enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyàl yo ta fè eta de pi gro chèf gang peyi a, Jimmy Cherisier alyàs “Babekyu”, ki ta an difikilte aprè konfwontasyon ak advèsè li “Ti Gabriel”. Kidonk, alye gouvènman defakto Jovenel Moise la ta pran 2 bal nan vant alòske li nan yon eta estab nan yon plas sekrè ap pran swen nan kapital la. Se domaj TRiboLAND pa arive konfime yon parèy enfòmasyon.

Comments are closed.