Pirat arive atrap kont twitter pwemye dàm defakto a, Martine Moise

05/06/2021
Pirat arive atrap kont twitter pwemye dàm defakto Martine Moise
Pòtopwens______(TRiboLANDKadejakè pwofesyonèl nan teknoloji arive raptrape kont ofisyèl twitter pwemye dàm defakto repiblik la, Martine Moise. Selon enfo yo, hacker arive non sèlman poze ak derespektan an men pibliye yon kòmantè malonèt ki kapab anbarase Madàm Martine Moise, dapwè yon kominike depwès biwo kominikasyon pwemye dàm nan jodi jedi 6 me 2021.
Pandan ke biwo kominikasyon pwemye dàm defakto a ap fè bwàs pou mete fwen ak baràj kont pikan kwennan ak zatrap, responsap yo deplore yon parèy sityasyon pirataj.






