Ansyen pwemyè dàm repiblik la, Martine Moise kite peyi Dayiti

687

07/28/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Apwè ke li te fin asiste funeray mari li, ansyèn pwezidan Jovenel Moise ki te asasine 7 jwiyè 2021 an nan Pèleren 5, nan Petyonvil; Martine Moise kite peyi Dayiti jodi 28 jwiyè 2021 an abò yon avyon pwive an direksyon Miami, Florid.

Enfòmasyon yo fè eta de pwemyè dàm ki kite ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture e akonpanye piti li yo ak tout ajan sekirite etranje yo abò menm avyon ki te mennen l antre anndan peyi Dayiti kèk jou avan funeray Jovenel Moise.

Ansyèn pwemyè dàm nan ki te blese grav nan moman atak Pèleren an, te oblije antre an ijans nan peyi Etazini pou asistans medikal. Oken nòt ofisyèl pa soti nan biwo pwemyè dàm nan sou objektif yon parèy vwayàj ki ta sanble tèt koupe ak yon swivi medikal.

Antouka, li enpòtan pou konnen, Martine Moise se inik temwen okilè kle nan asasinay pwezidan Jovenel Moise la; depi dràm 7 jwiyè a, lajistis ayisyèn poko jamè tande yon parèy temwen ki te kapab fasilite pwosesis envèstigasyon yo.

Comments are closed.