Yon delegasyon OEA ap gen pou antre nan peyi Dayiti avan lontan

421

05/06/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Yon delegasyon Òganizasyon Eta Amerikèn (OEA) ap genyen pou efektye yon misyon nan peyi Dayiti avan lontan, dapwè anbasadè peyi Dayiti a nan peyi Etazini, Edmond Bocchit. Yon visit ki pràl materialize ou satisfè volonte gouvènman defakto ayisyen an.

Konsa, OEA espere pote supò medyatik li yon fason pou kapab fasilite yon seri diskisyon ant diferan pwotagonis yo ki antòtye nan kriz politik la kap plonje Ayiti nan lanfè. Kidonk, anbasadè Bocchit wè nan yon parèy visit yon opòtunite pou dyalòg ant tout pati konsène yo akote yon tàb pou deplwàtonnaj kriz la, toujou dapwè entèvansyon Bocchit sou radyo “Voix de L’Amérique”.

Nap raple nan mwa màs 2021 an, Konsèy Pèmanan OEA a te ofwi pasifikatè li kòm antite ki kapab fasilite dyalòg ant pati konsène yo. Se pa pwemye fwà pouvwa gouvènman defakto a ap envite OEA bò won nan; sa pa gen lontan nouvo pwemye minis a.i., Claude Joseph te solisite bouràd Luis Almagro. Konsa, demach say o pa toujou sonnen byen nan zorèy majorite sitwayen ayisyen yo ki toujou wè mal wòl istorik OEA ak LONU toujou jwe nan politik peyi Dayiti. Sepandan, fwa sa yon sèktè nan opozisyon an ta sanble yo responsive ak yon parèy dyalòg si tout fwà li genyen pou wè avèk degèpisman òdone Jovenel Moise.

Comments are closed.