Vèv Martine Moise dlo nan je e pwomèt pou li “gade koupab yo nan je e fè yo konnen sa se twòp atò”!

715

07/23/2021

Kap-Ayisyen, Madlin______(TRiboLAND) Vèv Martine Moise pat kapab kenbe dlo nan je nan moman li tap eseye apuye sou sèkèy mari li, pwezidan asasine  Jovenel Moise.

Ansyen pwemyè dàm nan, nan moman orezon funèb la, pat fè chemen kwochi pou te deklare ke konplot yo te pwezan nan antèman an, yo ap gade e tande. “Yo konplote kont ou. Yo abandone’w e yo trayi w. Asasen yo la, yap gade e yap koute nan antèman an. Nou pwàl gade yo nan je fiks e di yo : sa se twòp atò”, dapwè vèv Martine Moise ki tap depoze nan moman orezon funèb la ki ta pwàl mete bout ak funeray nasyonal chèf deta ayisyen an, Jovenel Moise.

Tandiske, Joverlain Moise ki se pitit gason dèfen an deklare : “Papa m te yon moun ki chaje ak lanmou, men ki te antoure ak mechan; yon moun onèt ki tap viv nan mitan trèt; e yon ewo”!

Jovenel Moise antere jodi vandredi 23 jwiyè 2021 an nan yon mozele nan vil Okap-ayisyen, menm kote ak papa li ki pa mouri lontan.

Comments are closed.