Envestiti yon nouvèl Direktris nan tèt fondasyon ARSA

1,015

04/30/2021

Pòdpè ______(TRiboLAND) Se Mme Améus Pierre Linda ki, dezòmè, pral jwe wòl direktris fondasyon ARSA ki gen syèj li nan vil podepè, aprè yon seremoni envestiti ki te dewoule aprèmidi Vandredi 30 avril la,nan Kasika Konvansyon sentè nan site Kapwà Lamò a.

Nan entèvansyon li, Prezidan Konsèy Administrasyon ARSA, Mérisier Dérilien, mande nouvèl Direktris la pou l travay avèk konpetans, yon fason pou pèmèt fondasyon an ranpli misyon sosyal li anndan sosyete l pran nesans lan. ” Se vre Konpayi Asirans ARSA, se yon antrepriz prive, men ki gen apò sosyal li dwe pote nan kominote a. Pou nou asime reponsablite sosyal saa, ARSA mete kanpe yon fondasyon filantwopi ki pral egzekite aktivite ki gen karaktè sosyal “, dapwè Mesye Mérisier Dérilien.

Atravè fondasyon sa a, ARSA ap gen pou fè travay sosyal li nan plizyè sektè tankou edikasyon, sante, kilti pou n’ site sa yo selman, toujou selon presizyon Prezidan Konsèy Administrasyon konpayi an.

Nan diskou sikonstans li, nouvèl direktris la, Madàm Améus Pierre Linda, pwomèt li pral fè tout sa k depann de li pou l akonpli tach saa ak anpil devouman melanje ak savwafè. Nouvèl Direktris la ki t ap mete aksan sou enpòtans fondasyon an, deklare branch sa kreye nan ARSA pou kontribye nan amelyore anviwònman sosyal ayisyen an, daprè vizyon yo. “Objektif prensipal ARSA se patisipe nan fè pwomosyon ak devlopman filantwopi nan sektè prive ayisyen an, pandan y ap ranfòse kominikasyon, entèraksyon ak kolaborasyon nan mitan antite ki konpoze sektè sa k ap travay nan sosyal”, daprè deklarasyon Madàm Améus.

Nan tout peyi ou nan tout sosyete, antrepriz prive yo gen yon wòl sosyal pou yo jwe, daprè Direktris fondasyon ARSA. ” antrepriz yo pa dwe kontante yo sèlman nan fè pwofi, men yo dwe konnen tou popilasyon an dwe jwenn tikal nan pwofi sa yo pandan yap retounen yo ba li atravè aktivite sosyal yo. Se konpreyansyon saa ki fè Aksyonè ARSA yo mete fondasyon an soupye” , si’n vle kwè deklarasyon Mme Améus Pierre Linda.

Yon lòt kote, responsab la mande popilasyon ayisyèn nan pou l pote boure pou fè ARSA yon gwo konpayi asirans k ap etann li atravè tout depatman Nòdwès la, nan tout peyi a epi menm nan peyi lòd bò dlo. ARSA prezan nan kominote a non sèlman pou bay sèvis ak asire l’ yo, men tou kap akonpanye popilasyon ayisyèn nan aksyon sosyal li yo.

Nap soulinye, Konpayi Asirans S.A (ARSA) gen anviwon 4 lanne depi lap evolye nan domèn asirans nan depatman Nòdwès la, vil pòdpè notàmman. E se aprè 4 ane eksperyans sa yo inityatè yo rive kreye fondasyon sa pou pote sitou asistans finansye bay moun nan kominote a atravè fondasyon an nan aksyon sosyal li yo.

SAINT-JEAN Wiskis

Comments are closed.