Kap Ayisyen: Apwè plis pase 10 lane anpann, Jovenel Moise deside remanbre Santral Elektrik Sent Filomèn

348

05/01/2021

Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Jovenel Moise pa sispan bay dèyè’l 2 tap fas ak kèk nan pwopwès kanpay li yo, notamman “Kouran 24/24″ la; konsa, li lanse vandredi 30 avwil 2021 an travay remanbwàj santral elektrik Sent Filomèn nan zòn solèy leve peyi a.

Plizyè anjen lou EDH debake avèk materyèl tout kalite pou fasilite yon inisyativ ki pràl founi 10.8 megawàt kouran elektrik, dapwè Jovenel Moise ki tap depoze nan Nò peyi a. Chef deta defakto a ki tap pran lapawòl devan yon foul moun enpwesyonan te deklare ke li bay tèt li jiska 6 jwen pou yon parèy pwojè arive materyalize.

“Nan ti rès manda’m nan, mwen genyen pou mwen elektrifye plizyè komin tankou: Kafou, Sen Mak, Pon Sonde ak Sen Rafayèl”, dapwè Jovenel Moise ki deklare ke “genyen moun ki di yap deklare’m lagè pandan ane manda mwen an, men se pa mwen menm nap atake, se pòv ak sa yo ke moun bliye”, dapwè Jovenel.

Nap raple, Santral Elektrik Sent Filomèn genyen plis pase 10 lane disfonksyonèl anba je swadizan eskanmòtè ki tap vann blackout pou yon pakèt milyon atravè peyi a!

Comments are closed.