Maarten Boute voye jete tout alegasyon ki ta lèse konprann ke konpayi telefonik mobil Digicel konte achte Sogener

385

04/28/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li fè sòti jodi mèkredi 28 avwil 2021 an, direktè jeneral konpayi telefonik mobil Digicel la, Maarten Boute demanti tankou chyen, bwi ki ta lèse konprann ke konpayi telefònn nan konte achte Sogener, yon konpayi pwodiksyon enerji.

Boute deklare se “achi fo,” e li voye tout rumè sa yo jete. Sepanda, li enfòme piblik la ke Digicel te jwen yon antant avèk Sogener yon fason pou yo te enstale yon antèn nan lokal pwodiktè enèji a. Konsa, eskonbwit ant Leta ayisyen ak Sogener okazyone poze sele sou lokal Sogener yo.

Se yon sitiyasyon ki te egzije Digicel fè demach legal yon fason pou te genyen aksè e bay antèn la swenyàj, dapwè Alatèt Boute ki menm deklare ke yo ranplase yon seri ekipman ak batri ki pou pèmèt yo delivwe yon sèvis adekwàt bay polisyon an nan zòn nan.

Comments are closed.