Pòt pawòl PNH la, Garry Derosiers pèdi djòb li

490

04/27/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Aprè kat mwa sèlman kòm rapòtè pawoli pou enstitisyon Polis Nasyonal la (PNH), enspektè divizyonè Garry Desrosiers pèdi djòb li jodi lendi 27 avwil 2021 an.

Yon parèy pozisyon pwal konble avèk pwezans enspektris Marie Michelle Verrier ki konte kenbe pwovizwaman yon parèy wòl kòm “pòt pawòl annatandan”.

Nan jou sa yo, genyen anpil chanjman ki arive fèt nan tèt enstitisyon PNH la, ki pa sispan pèdi plim devan defi pwoliferasyon aktivite gang ak kidnapping ke anpil sektè akize ki konplis nan tribilasyon pèp ayisyen an. Nap raple, enspektè Derosiers te jwen pwomosyon kòm pòt pawòl PNH la nan mwa desanm 2020; sepandan, li te genyen plis pase 15 lane kòm pòt pawòl adjwen enstitisyon an ki pa sispan pran lanm!

Garry Derosiers transfere nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ki lokalize nan zon Klèsin.

Comments are closed.