Fòs polis debake nan Pèlerin: ekipman, materyèl ak zam pa pakèt sezi, yon pwezime koupab pran nan zip

372

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke Biwo Afè Kriminèl (BAC) ak Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) fè nan Pèlerin 4 ak 5 mèkredi 17 jwen dènye a, divès materyèl, minisyon ak ekipman batayè arive sezi.

Entèvansyon jouda sa okazyone arestasyon yon ansyen polisye ki pote non Makerly Aristil. Dapwè otorite yo, Mesye Aristil se yon ansyen divis kip ran nan plizyè show deja tankou enfwaksyon akoz konplisite li nan evasion ak enplikasyon vòlè machenn nan lane 2014.

Kat idantifikasyon Makerly Aristil

Operasyon Pèlerin 4 ak 5 lan pèmèt ajan lòd yo dekouvwi yon veritab asnal zam tout kalite ak yon pakèt lòt materyèl, lajan ak ekipman. Yo jwenn: 4 chajè T65 ki chaje ak katouch 5.56 mm, 21 pè minòt marasa, 2 radyo kominikasyon, 1 bwat/20 katouch, yon jilè pabal, yon kas balistik, $2570 dola vèt, 21,250 goud, 10 chemiz PNH, yon fizi T65, 2 fizi kalbi 12, yon pistolè tori ski mache ak yon chajè 15 katouch, 11 katouch kalbi 12, yon chajè pou fizi M14, 205 katouch 7,62, ak yon machenn Toyota Hilux koulè gri.

Comments are closed.