Peyi Ayiti ak Tywann selebre 65 lane kòkòday, Jovenel Moise eksprime kontantman li

438

02/25/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li lage jodi dimanch 2021 an, pwezidan defakto a Jovenel Moise mete chapo ba nan alokazyon 65 lane kòkòday ak relasyon diplomatik avèk peyi Tywann.

“Jodi dimanch 25 avwil 2021 an, Ayiti ak Tywann ap selebwe 65 rekòt amitye yo; tou 2 peyi yo defann mityèlman yon parèy amitye ki nan benefis tou 2 peyi yo ak pèp yo. Nou toujou kanpe djanm e kowoperasyon nou ap ranfòse pi plis toujou”.

Bò kote pa li, anbasadè Tywann nan anndan peyi Dayiti, Wen-Jiann KU deklare, “Ansanm ansanm, nou kontinye leve defi yo e fè konbit pou yon Ayiti ki pwospè.” Mesye KU te pwofite nan okazyon sa egalman, pou te pwezante yon bilan sou kowoperasyon bilateral 2 peyi yo ak bonjan relasyon kokòday 65 lane atravè vizyon konferans. Diplomat la reyitere angajman gouvènman tywann lan nan kàd kowoperasyon, jarèt ak supò diplomatik.

Comments are closed.