Bandi bwake e dechèlpiye plizyè kanbiz sou Delma 33

373

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Bandi ame sangwen yo pa rive idantifye pandan mitan jounen lendi 17 me 2021 an, bwake e lave pòch yon seri kanbiz kap achte e vann sou Delma 33.

Eskanmòtè sa yo ki te sou motosiklèt tap tire yon rafàl bal nan tou direksyon pou fasilite yo chape poul yo. Konsa, sikilasyon sou wout Delma tap bay sakàd akoz panik ki te deja ap soufle. Vòlè yo dechèlpiye kanbiz yo e kite sèn krim nan san yon ti kal rezistans.

Comments are closed.