Fwon Patriyotik Popilè a nan Nòdwès òganize ansanble Jeneral li Pou nonmen yon lòt ekip

414

04/19/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Fwon patriyotik popilè nan nòdwès, òganize jounen lendi 19 avril 2021 an, Asanble Jeneral li Pou gonfle fòs yo nan kàd gwo batay pou chavire Jovenel Moïse sou pouvwa a.

Delege ak militan ki te soti toupatou nan 10 komin depatman an, te diskite sou gwo kriz peyi Dayiti ap fè fas depi rejim “Plonje Hayiti Tou Kanpe” (PHTK) a pran pouvwa a.

Konsa, mo dòd yo Pa chanje! Pierre Joseph ansanm ak Me Dubréus Kerly, kontinye denonse yon lòt fwa ankò volonte Jovenel Moïse ansanm ak ekip PHTK a ki gen nan tèt yo pou enstale yon rejim boutdi anndan peyi Dayiti. Tou 2 responsab sa yo sèmante 70 fwa 7 fwa pou di Opozisyon an p ap janm aksepte yon rejim diktati, sanginè rive enstale yon lòt fwa ankò sou tè papa Desalin nan menm lè ekip PHTK a mare sosis ak gang G9 pou simen dèy nan mitan popilasyon an ki pa sispan ap naje nan labou anba je yon gouvènman ki detèmine pou efondre peyi.

Opozisyon an nan Nòdwès kontinye mande pou tout kouch anndan peyi a leve kanpe pou rive kwape ApreDye ki pran palè nasyonal an otaj depi 7 fev 2021 ansuit rive fè echèk ak plan referandòm bidon e grenn senk lan.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.